KONTRAPEPLA, YON LOT VIZYON POLITIK- YON LOT MOD OGANIZASYON

KONTRAPEPLA se yon esperyans nouvo nèt nan  lit politik an Ayti.  Malgre li se pwolonjman yon istwa long  pou òganize, oryante, goumen pou defann enterè pèp la ak nasyon an, li make yon chanjman kalite nan fason li abòde kesyon transfòme sosyete a. Ni  vizyon  ni  fòs sosyal  li idantifye kòm pwensipal motè chanjman an, ni nati chanjman an se manman lide ki fè diferans fondamantal ant KONTRAPEPLA  ak lòt esperyans ki fèt deja nan peyi a. 

  • KONTRAPEPLA, pa vin pwan peyizan kon baz mach eskalye pou politisyen al monte sou ‘’pouvwa’.

  • KONTRAPEPLA, pa vin pwan woulib sou do peyzan paske yo reprezante majorite moun ki ka vote pou kandida.

KONTRAPEPLa pa sèlman vin defann peyzan.  Li vin pwopoze nasyon an ak limanite yon filozofi lavi  ki ka enspire nou pou konstwi yon lòt modèl sosyete.  Li vin pwopoze modèl lavi senp peyizan an kòm repons pou nou soti nan sistèem briganday, gaspiyay kap kale mizè ak dezolasyon sou planèt la.  Nou pa di sitirasyon lavi peyizan bon janl ye a, se li pou nou kopye.  Nap pale yon filozofi lavi ki pou sèvi nou kòm sous enspirasyon pou yon lòt modèl sivilizasyon.

BAZ SOSYAL KONTRAPEPLA

KONTRAPEPLA ap pote pwojè peyizan yo.  Konsa, prensipal baz sosyal li se peyizan yo ki reprezante 70% popilasyon peyi a.  Majorite moun kap viv nan mizè nan vil yo, se pitit peyizan oubyen se peyizan yo te ye.

 

Etan ekspresyon politik li, KONTRAPEPLA pote mak fabrik  ki tanpe PWOJE PEYIZAN AYISYEN an. Se yon pwoje:

  • Sosyalis,

  • Ekolojik,

  • Nasyonal, Demokratik ak Popilè

    Pouki se yon pwojè sosyalis 

    1.   Pwojè peyizan an pa siyen ak esplwatasyon moun

    2.   Li pa chita sou podwi machandiz ni sou fè tout bagay tounen machandiz

    3.   Li pa vize tire pwofi, men fè echanj pou tout moun ka jwenn dekwa satisfè bezwen yo.

    4- Li pa konsidere fòs kouray moun tankou yon machandiz pou vann men tankou yon enèji ki pou koule nan rivyè lavi a pou patisipe nan travay kreasyon an.

    5.  Li pa konsidere travay kou yon aktivite zonbi ki koupe ak rès lavi a.Se pito yon travay vivan, yon aktivite sosyal ki anbwase tout lòt dimansyon lavi a, tankou chante, danse, priye, kreye elt.

    6.  Li konsevwa yon ekonomi kote byen yo kreye yo distribye nan echanj solidè.  Pa gen kesyon gwo vale piti.

    7. Li kwè se travayè yo ki pou kontwole mwayen podiksyon yo.  Sektè estratejik yo se sosyete a ki gen lawot men sou yo.  Tè a se yon bagay sakre, se byen kolektivite a mete ala dispozisyon sila yo kap travay li ak pwan swenl tankou se manman yo.

    8. Li konsevwa yon modèl lavi senp, kote tout moun ka jwenn selon bezwen yo ki pa toujou ap kouri kite yo jan sistem kapitalis la manigansel la.

    Pouki se yon pwoje ekolojik ?

     

    Selon vizyon peyizan an moun fè pati anviwonman an, se pa de(2) bagay separe.  Li pa gade anviwonman an tankou yon pil resous pou fè tounen machandiz pou al fè gwo mago lajan.  Selon konsepsyonl nati a se yon kreati vivan moun dwe respekte, viv an amoni ak li nan yon lespri echanj ak solidarite.  Ekonomi peyizan an pa podwi byen anpwazone, ni pil kantite deche ki paka transfome ki tounen pongongon.  Okontrè tout bagay li podwi ka resikle pou retounen sèvi nan podiksyon an tou natirelman. 

    Jounen jodi a nou rann kont nan gwo peyi kapitalis yo lide sa yo koumanse pwan pye.  Nan tout peyi sa yo gen mouvman yo rele ekolojis yo  kap pwopoze yon lòt modèl lavi nan yon lòt sosyete, ki gen menm oryantasyon ak pwojè peyizan Ayisyen an.  Nou ka di nan chache altenativ devan modenite kapitalis oksidantal la ki konstwi sou maspinay, zansèt nou yo te deja trase chemen kouman pou limanite soti nan lanfè sa a. Se dirijan  yo ak elit lamayòt nou yo ki bandonnen chemen sa a pou yo pito al fòse pòt lanfè kapitalis la ke yo pwan pou paradi.  Alaverite, yo kite vrè pwojè paradi kiskeya a pou y al anfale nan lanfè kapitalis la. Lè Kristòf Kolon debake Ayiti, li rele wololoy gade yon kalte mèvèy. !!! Apre senk syèk modènite oksidantal, gad sa mèvèy la tounen. Pwojè ekolojik peyizan an se kle pou louvri pòt mèvèy sa a nan tan jodi.

    Jodi a devan tout dega sistem sa a ap fe ki menase ekzistans tout kreati vivan sou planet la, sila yo ki pi eklere tanmen vire je gade pouw we kisa pèp ki tap sibi gwo ekzaksyon pou kapitalis oksidan an te ka tabli, kisa pèp sa yo te pwopoze.  Paske yo vin wè se pa sèlman enjistis ki genyen nan fason yo pataje richès yo, se tout jan sivilizasyon sa a konsevwa lavi a ki se yon plan lanmo.  Siw pa pran aspè sa a an konsiderasyon ou ka tonbe nan yon pwojè sosyalis ki se yon lòt fomil lanmo.  Se pou sa KONTRAPEPLA souliyen pwoje sosyalis li a bati selon yon lòt vizyon lavi.  Se pou sa li pote mak fabrik ekolojik.  Se kouran lide ki pre pwojè peyizan an.

    Se yon pwojè nasyonal

    Kit ou konsidere l nan sans ranfòsman nasyon a ; kit ou konsidere l nan sans defans nasyon an kont agresyon etranje ; kit ou konsidere l sou plan ekonomik, sosyal ak kiltirèl ; pwojè peyizan an pot labanyè.   Depi nan ti jaden lavi arebò plantasyon esklavaj, an pasan nan sosyete nèg mawon jouk rive nan bati lakou, pwojè peyizan an swiv chemen pou nou viv lib nan yon peyi gwanmoun.  Lè blan debake an 1915, se fas kare li te vin fè ak pwojè peyizan an.  Devan tout lòt manigèt agresyon kiltirèl se kilti peyizan an ki mete baryè.  Ekzistans nasyon an mare ak pwojè peyizan an.  Atake youn se atake lòt la.  Febli youn se febli lòt la.

     

    Bati yon leta nasyon se yon rèv zansèt yo te tanmen reyalize depi 1803 pou sèvi yon espas libète rekoni pou tout nèg ak endyen nan amerik la ki te deside kase chenn yo.  Se te yon ekzijans nan tan an pou leve defi kominote entènasyonal nan epòk la te mete devan tout pèp ki pat soti nan toyo ras blan an.  Lè zansèt yo leve kanpe pou kwape youn apre youn tout gwo pisans Ewòp ki tap mache toupizi lòt pèp, se te yon kokenn chenn viktwa sou lòd entènasyonal enjis ki tap domine nan epòk la.  Depi lè sa a, gwo pisans yo sèmante pou fè n peye frekansite sa a.  Yo pwal fè kou yo konnen pou toufe nasyon an nan pasay.  Nan yon premye tan yo deside pa rekonèt radiyès sa a ditou. Kesyon ekzistans yon eta nèg se yon move ekzanp pou nèg ki nan chenn esklavaj toupatou nan Amerik la.  Yo di kesyon rekonesans eta/nasyon sa a pa gen sa pyès. Men gras ak entèlijans ak adrès zansèt nou yo ki tap dirije peyi a ki jwe sou kontradiksyon nan mitan pisans aloufa yo, piti piti peyi a vin ap soti nan izòlman.  Se konsa nan yon dezyèm tan, gwo pisans yo pral chanje estrateji.  Y ap rekonèt Ayiti men yo pral fè yon jan pou yo toufounen l, kokobe l an plas pou yo ka montre lè nèg gwanmoun tèt yo sa pa sèvi yo anyen.  Yo deside fè Ayiti tounen yon move ekzanp pou lòt pèp pa swiv pou yo pa kokobe.

     

    Jodi a koze a rete menm jan nan fondalmantal li.  Sitirasyon n ap viv la se konsekans makonnay politik makyavèl gwo pisans yo ki pat vle pou nou ekziste ak fason dirijan yo, elit nou yo koukounan kò yo anba dominasyon blan an.  Menm jan nan kòmansmman 19 syèk la, kominote entènasyonal la konsidere Ayiti kòm yon menas pou sa y ap regle sou planèt la, menm jan ak ayè defia se kanpe yon nasyon ki deparye ak lòd mondyal enfènal, enjis, debalanse gwo pisans yo blayi sou tè a.  Se premye ekzijans lit liberasyon : kanpe yon nasyon djanm, granmoun tèt li kote Ayisyen kapab bati yon lòt mòd lavi.

    Se yon pwojè demokratik popilè 

    Demokrasi nan bon sans mo a se pouvwa pèp.  Pouvwa pèp la se kapasite li bay tèt li pou li akonpli misyon l. Gen yon briganday yap sèvi nou la a sou non demokrasi ki pa gen anyen pou li wè ak sa.  Se pa paske yon rejim pap fè represyon brital ki vle di demokrasi. Represyon brital se youn nan fason yo anpeche volonte yon pèp manifeste.  

    Men gen divès lòt fason sistèm nan envante pou fè tout pandan w ka pale se pa volonte pèp la ki esprime.   Eleksyon chak tan pa vle di demokrasi non plis.  Eleksyon se yon mannyè pèp chwazi dirijan.   Se pa ni sèl mannyè ni yon fason asire pou sa fèt.   Sistèm nan jwenn fason pou li fè swadizan eleksyon pou anpeche pèp chwazi dirijan.   Isit bò lakay nou ka remake sa byen.  Yo pa fè vyolans pou anpeche moun pale men yo itilize vyolans pou anpeche volonte pèp esprime nan eleksyon.  Vyolans melanje ak riz ak koripsyon lage bouyay nan dwa pèp la genyen pou chwazi dirijan.    Nan lòt gwo peyi san vyolans brital yo jwenn tout kalte riz pou devye volonte majorite a, anpeche l gen yon menm dizon ak vizyon.   Pou mòd demokrasi sa a fonksyone li devlope yon seri ladrès pou anpeche l tounen pouvwa pèp vre. Bò lakay menm se yon veritab fotokopi yo espedye voye ba nou.

    Lè KONTRAPEPLA di demokrasi se pa de ranyon pèpè sa a l ap pale.  Demokrasi se tou dabò yon fason sosyete a òganize, ap fonksyone.   Se dwa egal ego sitwayen yo genyen pou pousib rèv endividyèl yo nan kad yon pwojè kolektif komen.   Se yon sosyete òganize ki pèmèt rèv sa yo reyalize nan pwojè kolektif la.   Kesyon egalite a fondalnatal nan demokrasi.   Tout moun dwe jwenn menm opòtinite pou reyalize rèv yo.   Chakenn ka fè jan yo vle ak opòtinite ki devan yo a, se sa ki bay diferans yo,  men se pa paske sosyete a louvri yon boulva pou yon ti ponyen pandan li fèmen gwo majorite a nan yon enpas.

     

    Jan nou konnen l gwo majorite Ayisyen se abitan, nan minorite ki rete a pi fò nan yo se desandan dirèk peyizan, san konte sila yo ki kontinye kenbe yon lyen sere sere ak mond riral la.   Pa gen demokrasi san entegrasyon peyizan nan lavi politik peyi a.   Demokrasi pèpè a chita sou briganday electoral lavil sitou nan bidonvil.  Se pa koze majorite popilasyon an ki konsène.   Se sila yo ki gen plis patizan pami minorite nan espas lavil la yo rele popilè, men yo pa janm reprezante majorite popilasyon an vre.

     

    Demokrasi mande òganizasyon ak konsyans klè pou pèp la chwazi dirijan l.  Yon sistèm ki bati sou esklizsyon majorite popilasyon an ki se peyizan pa ka demokratik.  Se pou sa pwojè peyizan an ka di li demokratik tou natirèlman.  Se li ki pa gen anyen pou l pè nan demokrasi, ki vle di pouvwa pèp nan respè divèsite, diferans ak espresyon politik tout sektè nan popilasyon an.

     

    Tout pwojè ki di li demokratik san li pa popilè bije chita sou riz pou devye pèp la, devye volonte l osnon fè vyolans pou anpeche l manifeste volonte l.  Nan gwo peyi yo se plis premye taktik la yo itilize.  Nan peyi restavèk yo se tou de (2) ansanm.  Sa yo rele matirite demokratik la se lè sistèm nan pa bije itilize vyolans brital pou depatcha volonte pèp la ; pase lòt fòm teknik kontwòl yo byen lwil pou yo pa bezwen fè brital.

     

    Okontrè pwojè demokratik popilè a enskri tèt li nan yon demach pou fasilite patisipasyon pèp la chak jou pi plis, ofiramezi pi byen ak pi dirèk, nan gouvènay peyi a.  Pandan zòt ap envante teknik pou ekate pèp la, pwojè demokratik popilè a ap chache mekanis pou fèl patisipe pi plis pi byen.  Entegre pèp peyizan an nan lavi politik peyi a pou politik fèt yon lòt jan, sitou pou l pwan veritab sans li, ki se monte enstistisyon, fè yo fonksyone nan bi pou nasyon an pwan desten l an men, pou bati yon mòd lavi ki konfòm ak misyon istorik li, se sa ki garanti yon demokrasi tout bon.