GWO KAD ORYANTASYON

Nou dwe konsidere Ayiti kòm yon byen n ap jere nan enterè tout limanite,  nan respè ekilib lavi a.  Reskonsabilite nou menm Ayisyen ak Ayisyèn, se repare l, pran swen l, respekte l, asire byennèt tout kreyati k ap viv ladan, selon prensip amoni lavi a.  Se vizyon sa a ki dwe enspire tout demach politik.   Politik anviwonmantal la, se yon nesesite non sèlman pou asire devni pèp ayisyen an, men tou, se kontribisyon pa n  nan batay kont dezas ekolojik ki menase planèt la.  Demach estratejik sa a, se pi bon fason pou nou kanpe ak diyite sou sèn entènasyonal la epi rapousib nan tan jodi a gran rèv liberasyon zansèt nou yo te tanmen reyalize nan revolisyon 1791-1804 la.  Eritaj lit sa a, chak jenerasyon gen pou pouse l pi devan. Jounen jodi a, li pwan fòm sa nou rele yon demach twa (3) reparasyon.

DEMACH TWA REPARASYON AN

Demach twa reparasyon an chita sou konsiderasyon sa yo:

1.     Egzijans reparasyon nou genyen anvè anviwonman fizik peyi a;

2.     Egzijans reparasyon ak solidarite anvè tèt nou,  sa vle di 80% frè n ak sè nou k ap       kokobe nan malsite;

3.     Egzijans solidarite kominote entènasyonal la gen anvè Ayiti.

1)  Reparasyon anviwonman fizik peyi a

Premye egzijans reparasyon an, gen arevwa ak nou menm dèske nou pa rive pran reskonsabilite nou anvè peyi a.  Nou kite l kraze, n ap kontinye kraze l ak salopete l.

Si peyi a pa ekziste, tout demach politik vin san sans.  Se pou sa, tout demach politik dwe pwan an konsiderasyon reyalite katastwòf ki menase pou disparèt peyi a.  Fwa sa a, se pa leta ayisyen an sèlman ki menase, men se peyi a li menm menm.  Ba direksyon estratejik yon pogram gouvènman, se repare anviwonman fizik peyi a.

Nou dwe reyalize yon mobilizasyon nasyonal pou repare anviwonman fizik peyi a.  Konsa tou, nou ka oryante prezans entènasyonal la an Ayiti pou fè l tounen yon devwa asistans ekolojik. Se sou baz sa a tou pou nou defini plas nou nan mondyalizasyon an, nan negosye an granmoun yon mobilizasyon entènasyonal pou repare ditò nasyon an sibi.

 

2)  Reparasyon sosyal ki gen arevwa ak rekoud rechanj sosyete a ki fin depatcha

Dezyèm egzijans reparasyon an gen arevwa ak ditò nou fè pwòp tèt nou, lè nou reskonsab katreven pou san (80%) nan nou paka viv tankou moun.  Anwetan tout konsiderasyon konjonkti nasyonal ou entènasyonal, nou dwe konsidere sa kòm sous istorik vyolans  briganday ak ensekirite ki blayi nan peyi a.   Sa pa  jistifye ankenn fòm manipilasyon ak rekiperasyon  politik fenomèn sa a nan yon sans, ousnon nan yon lòt.  Menm jan nou kondane tout politik kriminèl ki lakòz yon mizè devenn kòde konsa, nou kondane ak tout fòs nou tout politik ki chita nan esplwate mizè pèp la.

Refè rechanj sosyete a ki fin dechire anba divizyon, paspouki, abi, lamizè ak enjistis,  gen arevwa sitou ak yon politik ki vize milye riral la ak pèp peyizan an ki pote nanchon an sou do l pandan de (2) syèk,  sitou ki te endike nou kouman pou n te viv pou n pa t tonbe nan sa nou ye la a.   Nou dwe konstwi yon sosyete riral modèn selon yon filozofi lavi senp ki jwenn sous enspirasyon l  nan fason peyizan ayisyen wè lavi a.  Nou dwe idantifye epi kaba tout fòm diskriminasyon sosyal ekonomik ak kiltirèl sistèm esklavaj kolonyal la kite andedan sosyete a k ap kokobe l.   Pran dispozisyon solid pou frennen katastwòf imanitè pèmanan sitirasyon popilasyon nan bidonvil yo reprezante.   Òganize yon mouvman solidarite pou rapwoche divès sektè nan popilasyon an pou nosyon sitwayen ayisyen an ka fè sans.  Se nan oryantasyon sa a pou nou kanpe yon demokrasi patisipativ ki chita sou mobilizasyon popilè pou rekonstri nasyon an.

3)  Reparasyon entènasyonal la

 Twazyèm egzijans reparasyon an chita sou twa rezon :

·       Akòz sistèm dominasyon esplwatasyon kolonyal esklavajis ki te tabli sou peyi a pandan plizyè syèk ;

·       Akòz gwo kontribisyon estwòdinè  pèp Ayisyen nan travay pou liberasyon limanite ;

·       Akòz anbago, pinisyon ak briganday ki fèt nan peyi a apre lendepandans.

Ki vle di, se rekanpe eskanp figi nasyon an sou sèn entènasyonal la.   Nan sans sa a, zafè jistis ak reparasyon an, se pa senpman yon kesyon bourad lajan ak avantay ekonomik       n ap reklame pou fè Ayiti swadizan devlope.

Demach twa (3) reparasyon an mande n chanje mòd lavi nou

Demach pou reparasyon ak jistis la dwe enskri l nan konstwi yon lòt mòd lavi, yon lavi senp, pou nou soti nan sistèm dominasyon ak sivilizasyon ki mache ak li a.  Li pa kesyon pou nou mòl kò nou ousnon revandike yon pi bon lasibab pi « enteresan » andedan sistèm dominasyon an, ni pou fè yo finanse ak kout milya dola yon Ayiti "modènize".  Tout fason, sa pa posib, se yon vye plezantri pou fè n dòmi kanpe.  Se yon chemen nou dwe jwenn pou rekonekte n nan sous limyè lit liberasyon an pou nou sòti nan kriz sivilizasyon limanite ap travèse a, akòz sistèm dominasyon an k ap fin sakaje planèt la.

Se konsa Ayiti ka tounen potomitan yon mouvman  konsyans entènasyonal pou sòti tout limanite nan kalfou li fèmen jodi a.  Nou dwe fè kriz la tounen yon lokazyon pou nou repran chemen zansèt yo te trase a, pou nou jwe wòl nou nan libere limanite.  Sa mande pou nou jere chak moman, chak kalfou n ap travèse ak anpil ladrès, kouray ak abnegasyon.

Pogram twa reparasyon an ap pèmèt nou reyalize de (2) gwo bagay :

·       Yon pa, sòti nan chemen chen-manje-chen san ideyal pou antre nan yon chemen inite ak mobilizasyon nasyonal, sou baz yon pogram klè.

·       Yon lòt pa, sòti nan demach pwomennen kwi n toupatou san wont san santiman, pou yon ti ponyen moun jwenn yon lasibab pou yo fè gagòt ak gran panpan.  Paske li pa kesyon pou nou kontinye ap salopete ideyal zansèt yo ni mande charite nan non sa yo te fè.   Men se pito redrese eskanp figi nou nan reprann plas nou nan chemen ideyal liberasyon limanite.