BAZ SOSYAL KONTRAPEPLA
KONTRAPEPLA ap pote pwojè peyizan yo. Konsa, prensipal baz sosyal li se peyizan yo ki reprezante 70% popilasyon peyi a. Majorite moun kap viv nan mizè nan vil yo, se pitit peyizan oubyen se peyizan yo te ye.
Peyizan se premye poto kwen pati a
KONTRAPEPLA ap pwonnen patisipasyon Fanm yo ki reprezante 52% nan popilasyon peyi a. Ankenn sosyete paka depase nivo fanm li yo. Sitirasyon fanm yo se pwensipal endikasyon nivo yon sosyete. Jan sa di Nan MPP SAN FANM, CHANJMAN PA POSIB. San yon veritab chanjman nan tout sosyete a, sitiyasyon fanm yo pap chanje. Se modèl sivilizasyon sa a menm ak sistèm kapitalis patriyaka ki mache ak li a ki dezekilibre tout relasyon sosyal ak natirèl yo. Rapò debalanse moun ak moun, lèzòm ak lanati se pwensipal mak fabrik sivilizasyon sa a. Se pou sa nou kwè konba pou emansipasyon fanm yo antre nan kad yon lit global pou liberasyon nasyon an ak pèp la.
Tout pandan nou sèten se sou direksyon fanm pou lit espesifik fanm yo mennen, nou kwe tou fanm popilè yo gen yon wòl espesyal nan direksyon lit global la. Pandanstan nou dwe evite tonbe nan pyèj pwojè rekolonizasyon ki vle kare fanm ak gason nan de (2) kan ousnon ki vle anfouraye konba fanm yo nan yon demach al kouri dèyè pouvwa pou jwenn plas bò kòt mouche gason nan sistèm peze souse a. Tout fanm se fanm tout fanm pa menm. Madan Ti Jozef pa madan Klintonn. Fanm peyizan ayisyen ki sibi tout kalte esplwatasyon kòm fanm, kòm fanm popilè sou baz ras, se fòs fondamantal ki pou pote epi akouche modèl sivilizasyon nap pale a. Men nan men ak fanm tout kategori ki anbrase pwojè peyizan an, yo gen plas yo nan tout estrikti pati a.
Fanm peyizan yo se poto mitan pati a.
KONTRAPEPLA kwe se jèn yo ki gen prensipal responsablite pou pran peyi a nan men. Se yo ki se espwa peyi a. Konsa se nòmal se yo tou ki pou rive pran direksyon pati a, ki se enstriman politik pou yo fè chanjman yap chache a. Kanmarad pi aje yo la pou transmèt yo esperyans, asire tranzisyon ant jenerasyon kap pase ak sa kap vini. Se jèn yo ki dwe konn ki sosyete yo vle. Yo reprezante 60% nan popilasyon an epi se pou yo peyi a ap rete. Mete mekanis pou entegre jèn yo nan tout nivo aparey pati a pou pase mayet la ba yo vit ebyen se yon pwensip oganizasyon fondalnatal pou KONTRAPEPLA.
Jèn yo se gwo poto kwen pati a.
KONTRAPÈPLA wè dyaspora tou dabò kou prensipal anbasadè idantite pèp ayisyen nan mond lan. Menm kan nou konnen enpòtans li nan ekonomi peyi a ak wòl li dwe jwe nan envestisman pwodiktif ki kapab pote kole nan jete baz yon ekonomi dirab, nou plis konte pou li kontinye leve figi nasyon an pou pote mak fabrik pa nou nan nouvo mond kap konstwi a. Nan sans sa a pou KONTRAPEPLA dyaspora a se pwolonjman Ayti nan mond lan, se pa moun deyò. Se pou sa nan fason li òganize pati a vle kapab asire patisipasyon manm yo nenpòt kote sou latè. An menm tan KONTRAPEPLA se yon pon ant tout pitit peyi a.
KONTRAPEPLA vle fè YON GWO KONBIT ak tout pwofesyonèl, tout entèlektyèl, tout syantis, tout antreprenè, brèf tout travayè patriyòt kit yo pa viv lavil kit yo nan vil, kit yo nan dyaspora, a pou nou libere Ayiti anba tout fòm okipasyon, anba tout fòm rekolonizasyon. Se tout travayè yo ki fòme katriyèm poto kwen pati a. Konsa nap gen yon pati ki kanpe sou 4 poto kwen solid.
Dyaspora a se katriyèm poto kwen pati
Etan ekspresyon politik li, KONTRAPEPLA pote mak fabrik ki tanpe PWOJE PEYIZAN AYISYEN an. Se yon pwoje Sosyalis, Ekolojik, Nasyonal, Demokratik ak Popilè