KOTE KONTRAPEPLA SOTI.
KONTRAPEPLA se pa yon loray kale, se pa yon vap men ni, ni yon papa toudenkou. Se de (2) gwo kouran ki kontre pou ba nou KONTRAPEPLA. Youn se Mouvman Peyizan Papay/Mouvman Peyizan Nasyonal Kongrè Papay (MPP /MPNKP) ki se pi gwo mouvman peyzan ayisyen ki ekziste depi plis pase 40 lane nan travay pou debalize wout pou fè tande vwa peyizan yo.
Lòt kouran an se Kolektif Solidarite Idantite ak Libete/Kòdinasyon pou Refonde nasyon an (KSIL/KOREN) ki se aboutisman chemen yon ekip gason ak fanm nan sektè altènatif ayisyen an ki antre nan batay depi sou diktati Divalye a, pou pote kole nan jefo pou libere peyi a epi konstwi yon sosyete ki gen mak fabrik sosyalis. Youn nan prensipal mak fabrik sektè sa a, se distans li pa rapò ak tout tantativ ki te fèt pou antre nan aparèy leta, sa anpil moun rele goumen pou pouvwa. Konsa li te kenbe yon distans kritik pa rapò ak esperyans ekzèsis pouvwa ki tap fèt apati 1991.
Lòt kanmarad ki soti nan tradisyon lit pou libere nasyon an patisipe nan fondasyon Pati a nan tout kalfou li travèese jouk li rive nan KONTRAPEPLA. Chak jou, lòt kanmarad kontinye ap rejwenn nou, paske se yon òganizasyon ki rete louvri pou divès kouran ki pwal nan direksyon flèv liberasyon an, kapab patisipe an granmoun, nan respè diferans yo genyen.
KOT LIDE PATI POLITIK LA SOTI ?
Mefyans popilasyon an vizavi pati politik se yon bagay ki gen yon fondman nan desepsyon popilasyon an nan jan politik fèt nan peyi a. Konpòtman aganman woulem de bò politisyen tradisyonèl yo ak echèk klas politik la swa nan pouvwa swa nan tire lobe nan lopozisyon lakòz move imaj pati politik nan sosyete a. An menm tan moun kap goumen pou yon chanjman tout bon, poze tèt yo kesyon sou enstriman sa a yo rele pati politik la. Anpil bwase lide mennen nan yon distans kritik vizavi fòm òganizasyon sa a ki ta sanble pa koresponn pou garanti bonjan patisipasyon veritab aktè chanjman an. Ki fè li vin nesesè pou sila yo kap reflechi sou transfomasyon sosyete a pou yo konsevwa nouvo fòm zouti oganizasyon ki pi lyann, ant mouvman sosyal ak pati politik. Se nan menm kouran lide sa a KONTRAPEPLA soti. Se nan sans sa a nou di KONTRAPEPLA se pa yon loray kale, se pa yon Pati politik yon gwoup moun reyini yo ‘’monte’.
Lide kreye yon pati politik te soti andedan MPNKP (Mouvman Peyizan Nasyonal Kongrè Papay) apre yo te fin pran gwo desepsyon andedan Mouvman Lavalas la ak OPL (Òganizasyon Pèp k-ap Lite). Desizyon kreye yon pati politik pou defann enterè mas peyizan yo te pran nan yon reyinyon kòdinasyon nasyonal MPNKP nan mwa desanm 1999, apre chak depatman te fin bay rapò sou jan yon akò yo te gen ak OPL pa te respekte sou teren an. Dirijan ak dirijant MPNKP yo te deside separe ak OPL san bri san kont paske yo pa te vle febli lit OPL non plis. Apre tantativ pou kreye yon lòt pati politik ki rele KONBA, malerezman akòz plizyè dirijan ladan te deside fè yon lòt wout ak batistè pati a, li te vin nesesè pou chanje non an. Se konsa KONBAS (KONBIT POU BATI YON AYITI SOLIDE) te vin ranplase KONBA.
Apati kreyasyon KONBAS, pati a te vin pran yon lòt dimansyon ak prezans KSIL/KOREN ki te fè yon alyans ak KONBA pou voye kat (4) senatè nan eleksyon. Yonn ladan yo genyen eleksyon nan depatman pa l la, e senatè sa a, konfòmeman ak estati KONBA te danble manb kòdinasyon nasyonal pati a. Annapre li vin kòdonatè nasyonal KONBAS. Sepandan KONBAS a ta pwal bije chanje non yon lòt fwa ankò akoz yon poblèm teknik nan demach pou rekonesans li. Se konsa pou toujou rete fidèl ak lide konbit la , nou vin gen KONTRAPEPLA.